Aller au contenu

Minuit

← Retour au recueil
Minuit

Mw oze ekri'w ankò pa paske'm frekan ni mw bezwen vin anmède'w se jis ke
m'pa konn kijan ni kòman pou'm explike'w sa'k gen nan mw pou ou, oubyen
exprime-w boul lanmou sa ki nan kè'm nan, malgre tou m'konnen l'ap difisil
pou'w konprann puisque ou menm se ak ti zwazo w'ap viv, se bò kot lakensyèl
ou rete, se lè van pyebwa yo pran chante ou pran plezi, se Reine music ou
ye, se lè chak nòt ap jwe ou santi lajwa nan nanm ou akòde, ou pase tan'w
nan chante pou fè sezon yo chanje,se nan vwa'w tout melodi yo danse, dousè
chak pawòl ou fè lanfè tranble, lanmò repoze an pè simplement lè eko-w fè'l
vibre.

Kijan'm t'ap jan ka fè pale pou'm fè'w konprann mw ? Mw fèt nan raje lanmou
e se ekri mw konn ekri, mw pa konn soufle bèl ti pawòl dous nan zòrèy
lanati pou fè'l dòmi ni fredone yon mo pou fè kè zetwal yo souri. E poutan,
tank jou ap pase se tank avè'w m'ap panse, ou pa ka imajine jan'm santi'm
lè'w pa bò kote'm, ou gate'm nan stil ou, ou tèlman fè'm renmen'w ou arive
fè menm tristès mw damou'w, ou brize'm epi'w refè'm nan fason pa'w. Ou
kreye yon bagay nan mw, jamè m'p'ap janm ka viv san li. M'fè tout sa'm
kapab pou'm granmoun nan relation mW menm avè'w la e poutan depi'm avè'w se
tankou timoun mw ye, ou just fè'm fou menm di tèt mw pa pati.

Maintenant dans les ans on a Deux, dans deux ans Nous serons DEUX, qui
sait, deux ans de plus, Nous-Deux, Nous serons Deux.

Assistant éditorial

Posez directement votre question sur le contenu de cette page.

Notes et avis

L’avis des lecteurs

—/ 5
Non évalué 0 avis
5 0
4 0
3 0
2 0
1 0
Votre note
Vous pouvez modifier votre note.

Votre voix enrichit le recueil. Les champs obligatoires sont indiqués.