Lettre de manque — créole, vérité nue, douleur tenue dans la gorge.
« M ap soufri anpil… Ou manke’m… »
Ici, il n’y a plus de décor.
Plus de protocole.
Seulement le vide, le besoin, et cette phrase qui revient comme un battement :
tu manques.
Dans Lettres à la Majesté, ce texte agit comme une lame :
court, direct, irréfutable.
Le manque n’y demande pas la permission — il règne.
Et Cheri ! Kijan’w ye? Ou anfòm ? Mw menm non, m’pa santi’m byen menm, ou konn poukisa ? Jodi a mw oblije sanwont, mw oblije pliye ògèy mw pou’m ekri’w, se vre ke mw pa gen okenn rezon pou’m fè sa ni sa pa regade’w men, mw vle’w konnen sa k’ap travèse’m e mw vle tou ou konprann nan ki eta mw santi’m, ok ?! Se tankou yon kout jilèt mw pran nan kè’m a chak fwa ou rete ou pase nan tèt, mw santi’m toumante, mw santi’m pa ka sipòte, ou gen yon jan ou anvayi’m ou fè’m pèdi kontwòl mw, tankou se yon moun fou mw chita la ap plede site non-w, pale ak lonbraj lè imaj ou pase nan panse-m, gen dè fwa m’konn rete konsa mw ri epi kèlke tan apre dlo koule nan je’m, sa vle di ou fè’m kontan ou fè’m tris an menm tan, an verite ou fè’m plis tris ke kontan depi ou pa la.
Kote’w ? Reponn mw non ! M’ap chèche’w m’pa wè’w, kote’w kache ? M’ap rele’w ou pa reponn mw, di’m non, ou pa tande’m, bebe? Ou fè kòmsi’w pa konprann, espre ou fè pou’w soud ? Ou la ap plede sakaje’m apre pou’w vire do-w ale, ou pa gen pitye pou mw ? Avanyè, pandan mw kouche nan chanm nan gen yon trajedi ki rive’m, m’pa kache di’w ou p’ap konprann mw, pandan mw pou kont mw m’ap tande yon ti mizik, m’pa konn sa’k pran-m men mw santi prezans ou la, tankou ou vrèman bò kote’m, sa’k pi mal la, a chak fwa van soufle rido nan pòt la oubyen youn nan fenèt yo, oubyen mw tande yon bri, mw kouri leve ap gade si se pa ou k’ap vini, podyab mw, chak lè kè’m byen kontan kouri leve al gade, lè’m rive m’pa wè pèsòn moun, mw retounen tou tris, tou wont, mw al chita ap panse avè’w ankò.
Ou konnen, si’w te la ou t’ap repwoche-m wi, cheri, ou t’ap repwoche-m, e-w t’ap reprocher-m anpil, ou konn poukisa ?! Ou konn di ou renmen kò-m anpil paske’l cho, e-w santi’w byen lè’w kouche sou mw, ou santi’w dous, li fè’w dòmi pran’w rapid, ebyen, manmi, m’p’ap ba’w manti depi lè’w pa la tout kò-m vin frèt, se tankou yon glas mw ye nèj anvayi nanm mw, mw pèdi tout chalè ki te ka gen nan mw se ivè k’ap dirije’m, ou konn poukisa ? Paske se ou’k te solèy mw, se ou’k te konn te rechofe anndan’m, e-w leve ale kite-m, pa gen moun ki pou chame-m, pa gen moun ki pou gate-m, pyès moun pa vle ban’m afeksyon, yo kite’m ap soufri ak doulè nan kè’m, nanm mw ap dechire, mw santi’m pou kont mw, tankou yon vye San fanmi.
Bon, an’n pale, cheri ! Poukisa’w leve ou pati a menm ? Di’m non, ou te gentan satisfè twòp de mw ? Oubyen’w te gentan fatige avè’m ? Pale avè’m non, sa vle di la ou te gentan rasazye de mw vre, demwazèl? Sa vle la, kot ti sa nou te gentan viv la pou’w te gentan ap vire do-w la? Chwa ak desizyon’w pran la ou te panse avè’m lè’w te pran’l nan ? M’pa gen mo pa’m tou mw menm? Hmmm… Mw felisite’w, machè !
Ban’m di’w, ou manke’m wi, fi, ou konn sa?!
Sanble’w pa konn sa, m’wè’w ap bagay kò’w sou mw.
Franchman ou fout manke’m anpil, machè ! Ou pa ka imajine nan ki pwen ni kijan mw anvi’w la, pitit , anvi’w bò kote’m, pou n’ap pale, n’ap ranse jan nou renmen fè’l la, pou m’ap anmède’w, fè’w fache epi apre pou m’ap ba’w lanmou pou’m fè’w kalme byen rapid. Tout plezi-m se gade-w k’ap nève, se yon jwa pou mw pou’m kanpe gade’w k’ap anraje, oubyen lè w’ap pwenti ti bouch pou’w fè kòlè, mezanmi ! Ou bay plezi vre, makomè ! Sa’k pi bèl la, ou renmen sa, ou mèt t’ap nève pou’w mouri, depi’m fè yon ti bo byen syav pou ou, tout kòlè fini, tout fache, plenyen, raj vole gagè, vòl dirèk pou ravin mawozo.
Se kounya m’ap reflechi a sa, m’pa wè pouki rezon ou te di’m ou pa’t renmen je’w yo non, jan de ti bagay sa yo bèl sa! Jan yo ban’m plezi sa, tout feeling mw se lè m’ap plonje-m ladan yo, pou m’ap gad kè-w ak lanmou ou gen pou mw an ladan yo, pou jiska prezan pandan m’ap panse la y’ap fè efè sou mw la, ti vwa’w, ti kò’w, fason-w pale, fason-w danse, mache, tout sa yo se yo ki te konn fè’m santi’m ap viv.
Mw anvi pou’w ta la bò kote’m, anfas, nan bra-m, pou’m ta ap karese-w, kajole-w, di’w tout dènye ti je t’aime ki ret nan fon kè’m, di’w konbyen ou manke, kòman mw santi’m sèl, e ke pa gen anyen ki gen valè pou mw san ou. Cheri, Doudou, Amou, Ti Kè an mw, mw anvi rewè-w menm ke m’konnen li enposib. Si labib pa’t kondane sisid, èske t’ap gen yon bagay ki t’ap ka anpeche-m menm kote avè’w nan moman sa?
Bebe, vin chèche-m, m’poko mouri men m’pa santi’m ap viv ankò.